CHEF SUPREME VODOU HAïTI

DEKLARASYON KONFEDERASYON NASYONAL VODOU AYISYEN - KNVA Gresye. 1er Janvye 2008 DEKLARASYON Twa fèy, twa rasin o, jete bliye ramase sonje Twa fèy, twa rasin o, jete bliye ramase sonje Mwen gen basen Lwa a, twa fèy tombe la dan l (li gate, li gate) Jete bliye, ramase sonje 1503 – 2008 sa fè 505 kan depi moun Loksidan yo, ki rele tèt yo kretyen yo, te antre sou kontinan afriken an, demonte 21 tribi pakanpak pou bwote vini bò isit zansèt nou yo pou mete yo an nesklavaj. 21 tribi sa yo pat pale menm lang, yo pat gen menm koulè, yo menm te konn fè lagè antre yo men, lè yo te rive bò isit, yon sèl bagay yo te gen an komen se te Vodou a. E se Vodou a ki te fè 288 lane apre tout tòti, tout soufrans, tout tretman bouch moun paka eksplike, zansèt nou yo te pran konsyans gade kote yo te fèb, chèche kote yo te sanble, chita nan Bwa Kay Iman an 1971 pou te jwenn mannyè pou yo te sòti nan kondisyon bèt yo t ap viv la. Nou pa ka bliye tou Makandal, Jean François, Biassou, Cola Janm koupe, Agnès ak latriye ki te eseye brave malè pou kase chenm lesklavaj. Zansèt yo ki, nan nwit 13 pou louvri 14 dawou, pat anpil, yo te 201 sèlman, 200 gason yon fi, te reflechi ansanm pou wè ki estrateji yo ta mete sou pye pou fini nèt ak lesklavaj. Yo te fini pa sòti ak rezolisyon sa yo : 1- pat gen Ginen ankò 2- se kreiyòl nou ye 3- fòk yo te pale menm lang 4- fòk yo te fè yon sèl paske se kolonn ki bat Konsa nou wè nan lannuit 21 pou louvri 22 dawou menm lane a, lit kont lesklavaj te tanmen ak pawòl rezistans sa yo : « koupe tèt, boule kay ». Boukman tonbe, men batay la kontinye. Plizyè lòt tonbe apre, plizyè lòt leve tou, jouk nou rive nan batay 18 novanm 1803 kote zansèt yo te bat lame ki pi pisan nan lè a ak Lwa nan tèt yo. Epi premye janvye 1804, yon jou kou jodi a, Dessalines kanpe nan mitan vil Gonayiv, declare bay lemon antye, Ayiti lib, li pap ret ak moun ankò. Jodi a nou menm vodouyizan n ap kriye san, lè nou wè pye blan tout kalite, pile tè Dessalines nan. Se pou sa nou mande tout vodouyizan mobilize, fè wanga, wanga, wanga jouk nou fout yo tout deyò. 1806, apre konplo sou konplo, legliz ak Pétion met ansanm, yo touye Lanperè e pa lamèm okazyon, chèche touye Vodou a tou, men reziste. 1915, nou reziste ak Chalmay Peralt. 1934, yo mare pakèt yo y ale, men yo kite yon Elie Lescot pou kontinye zèv yo. Jounen jodi a, nou wè legliz san koutcha sa a mele ak kèk peyi enperyalis, tounen ak zonbi Elie Lescot, men kòm nou konn ki jan poun trete zonbi, nou pare pouyen sèl nou, twa priz tè nou ak kòd pit nou mare zonbi ak tout ti liten li yo. 1957 François Divalye monte, li sèvi ak Vodou men li pa fè anyen pou nou. Okontrè, li renouvle konkoda lawont la, li kreye klèje endijèn nan. Pitit li Janklod swiv li, li touye tout kochon kreyòl nou yo, li detwui pwodiksyon nasyonal la, yon mannyè pou nou pat sèvi Lwa ankò An 1986, nou pran lari pou nou rele aba diktati, se nou yo dechouke. Tandiske pè ki te gen gwo zam fann fwa anba soutan yo, menm yon branch cheve nan tèt yo pat rache, jodi a yo monseyè, sa k kite pè minis nan figi nou la a. Apre trèzyèm dechoukaj la, asosiyasyon ak òganizasyon Vodou pouse kou djondjon pou di : janmen pli janmen sa p ap janm repete ankò. 4 avril 2003 Lwa yo rekonpansen nou yo pale nan tèt Prezidan Aristide ki te soti yon arete prezidansyèl ki di leta Ayisyen rekonèt nou kòm relijyon a pa antyè. Men : - lè nou konsidere konstitisyon 1987 la, nan atik 30 ak 30-1 li deklare tout relijyon lib - lè nou konsidere arete prezidansyèl 4 avril 2003 di nan premye atik li a Leta Ayisyen rekonèt Vodou a kòm relijyon tankou tout lòt yo - lè nou konsidere malgre tout dispozisyon legal sa yo, okenn gouvèlman pa janm mete Vodou a nan okenn desizyon ki ap pran pou angaje nasyon an - lè nou konsidere dènye souflèt Prezidan Preval ki, lè l t ap mennen kanpay t al lave tèt li nan tout lakou Vodou, fòme KEP ak tout lòt relijyon san Vodou. Sa montre klèman li trayi twa fèy la - lè nou konsidere twzyèm senate Nò a ki rele Tony Samson, kanpe nan yon kwazad pwotestan ki t ap fèt nan sant espòtif kafou nan dat kit e samdi 15 desanm 2007 la, declare li pral mare Vodou lage nan lanmè nou menm vodouyizan konprann byen katòzyèm decoukaj la pa lwen. Poutèt sa, nou menm vodouyizan nou pran rezolisyon say o devan Ginen an ak tout lòt pèp sou latè : 1) apati jodi a madi premye janvye 2008 la tout Vodou a fè yon sèl 2) li gen nan tèt li yon Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen ki gen pou sig KNVA 3) Konfederasyon sa dirije pa yon lidè espirityèl nou rele andan Vodou a Ati Nasyonal 4) Ati Nasyonal pou kouliye a rele François Max Gesner Beauvoir Pou tout rezon sa yo, tout vodouyizan konsekan ap rete mobilize. Lit Vodou a ap kontinye koutkekout, san pran souf. Konfederasyon an ap travay pou fè revolisyon Ginen an jouk nou pran pouvwa a. Nou te konn bay pouvwa, nou pap bay pouvwa ankò. Yon sèl nou se grenn senk, ansanm nou se nasyon an, ansanm ansanm nou se Vodou ! KNVA

Créer un site gratuit avec e-monsite - Signaler un contenu illicite sur ce site